Ansanm asosyasyon moun andikape nan peyi a bat bravo kontantman pou nominasyon Doktè Garry Conille kòm premye minis konsèy prezidansyèl tranzisyon an ki se yon teknokrat e ki kwè nan konpetans. Petisyon sa gen pou objektif moutre kijan nou manifeste volonte ak enterè pou Mesye Fenel Bellegarde vin sekretè deta moun andikape yo.
Mesye Bellegarde se yon jen gason andikape ki gon espesyalizasyon nan andikap ak akesibilite, ki etidye kominikasyon sosyal nan fakilte syans zimèn, depi 2010 lap travay nan biwo sekretè deta a kidonk li konn brat la trè byen. Mesye Bellegarde se yon jen gason ki soti nan matris pèp la ki toujou ap goumen kont tout fòm diskriminasyon ak bwa long moun andikape ap sibi nan peyi. Ou pap pase yon semèn san w tande l nan radyo oubyen sou rezo sosyo ap sansibilize ak fòme moun sou kesyon andikap. Se li kreye premye lekol pou aprann moun lang siy nan peyi a, premye emisyon pou moun soud kip ase sou televizyon nasyonal, elatriye. Mesye Bellegarde toujou prè pou fòme ak sansibilize tout moun sou koze aksesibilite ak andikap, li toujou prè tou pou ede ak akonpanye asosyasyon moun andikape yo pou yo pran jarèt.
Lè nou konsidere siyasyon malouk moun andikape ap viv nan peyi a kote grangou ak bal bandi preske fin touye yo grenn pa grenn. Lè nou konsidere kijan dwa moun andikape yo pa sispann vyole chak jou nan peyi a malgre tout lwa ki ekziste sou kesyon sa, lè nou konsidere mizè, tray ak fawouch tout kalte moun andikape ap konnen nan sosyete a, lè nou gade ki jan moun andikape viktim tout jan nan sityasyon ensekirite jeneralize ki gen nan peyi a. Gen moun ki sou chèz woulant, genyen k pa tande, genyen k pa wè ki oblije ap kouri anba kout bal bandi. Gen anpil moun ki pat andikape, se bal bandi ki andikape yo. Lè nou konsidere kijan depi kek ane biwo sekretè deta a tonbe an degraba kote chak jou se pi fon lap ap antre epi ale pi lwen objektif ki te fe leta Ayisyen kreye l.
Nan optik sa, nou chwazi Mesye Fenel Bellegarde, yon jen gason ki gen ekperyans, konpetans epi ki rete soude ak oganizasyon epi moun andikape yo pou vin dirije biwo sekretè deta pou entegrasyon moun andikape (BSEIPH).
Vous êtes sûr ? Votre mobilisation est importante pour que les pétitions atteignent la victoire !
Sachez que vous pouvez vous désinscrire dès que vous le souhaitez.